Paran, jwe wòl ou a byen nan la vi pitit ou.

Maleb Leadership by Faubert Maleb

Episode notes

Pi bon fason nou ka aprann timoun yo respekte prensip ki tabli pou kwasans fanmi an sè ke nou menm kòm paran nou sipoze premye moun ki aplike prensip sa yo…

Anpil paran pran malen plezi mande timoun yo pou yo pa fè tèl ou tèl choz pandan ke yo menm yap fèl maten, midi, swa devan je timoun yo: “Kijan w ka mande pitit ou a pou l mete telefòn li an nan yon kwen lè nou a table ap manje an famille pandan ke pa w la li menm li nan men w padan tout repa?

Kijan w fè ap rantre tou santi kleren sou timoun lan epi li menm lè lap fon ti goute ou estomake pou sa?

Si w vle timoun lan respekte w, ou sipoze premye moun ki manifeste respè sa anvè li.

Paske ansèyman ki pi pwisan ke ou ka bay timoun ou an toujou rete egzanp pèsonèl nou kòm paran. Gen yon moun ki te di, "Sa w fè a pale tèlman fò ke mwen pa menm ka tande sa w ap di

 ...  Read more
Keywords
disiplintimounobeyisans