Tchilaks

Tchilaks

by Tchilaks Podcast

REZO SOSYO

Explicit
Rezo sosyo gen kèk ane depi li anvayi mond lan, sa se yon evidans. Itilizasyon chak moun de li ka diferan men li rete pi gwo pwen komen nan lavi nou tout. Rezo sosyo pou sèten moun vin pi adiktif ke yon dwòg, pandan nou pap nye ke pou de lòt moun li tounen yon sous pou fè lajan. Rezo sosyo kraze koup moun menm jan li pèmèt moun fonde fwaye. Nan epizòd 12 la, Johalex ak Lhee dedat sou rezo sosyo san yo pa rantre fon paske se yon konsèp ki vast. Yo pataje definisyon yo gen de li, yo pataje premye fwa wout yo kwaze ak rezo sosyo e yo liste tout avantaj ak danje rezo sosyo genyen daprè yomenm. ENJOY epi sonje ke se ou ki pou mete baliz nan jan wap itilize rezo sosyo yo pou yo pa afekte lavi ou nan fason ki pap benefik pou ou.

Enpak separasyon PARAN (avèk Doris)

Gen yon statistik ki fè konnen ke mwatye maryaj fini pa yon divòs oubyen separasyon.Nan divòs oswa separasyon 2 paran pi gwo viktim yo se dèfwa timoun yo sitou lè divos la oubyen separasyon an pa amikal.Li konn kite gwo sikatris ak troma ki konn suiv timoun sa yo jouk nan laj adilt yo.Nan epizòd sa tchilaks chita pale ak Doris ki se twazyèm invite podcast la pou yo debat sou konsekans divòs/separasyon paran yo te genyen sou yo, ki mak li kite pou jis jounen jodi a, kisa yo aprann ak kisa yo te swete ki te fèt yon lòt jan.Ni Doris, ni Lhee, ni Johalex viv divòs/separasyon paran yo men nan 3 kondisyon diferan. Se sak fè jodia nap jwenn 3 pèspektiv diferan men èske konsekans yo diferan?ENJOY onzyèm epizòd la epi aprann sa ki aprann e sèvi ou nan vi pèsonèl paw.

PIBÈTE kay GASON

Explicit
Paran toujou pran le swen pou yo diskite de faz pibète avèk pitit fi yo sa ki vrèman diferan de jan menm paran sa yo akonpanye pitit gason yo nan menm peryòd nan lavi yo sa. Anpil tigason retrouve yo nan menm sitiyasyon avèk Johalex ak Lhee, kote se lè yo fin pase stad pibète a yo ap vin konnen kisa pibète ye oubyen yo viv anpil nan karakteristik pibète yo san yo pa konnen ke se faz pibète a yo ap travèse. Dèfwa sa konn gen repèkisyon sou mantal tigason yo kote yo konn panse se yon problèm yo genyen oubyen sa konn fè yo ranfème sou yomenm paske yo pa ka aksepte chanjman kap fèt nan yomenm yo nan peryòd sila a. ENJOY epi sonje mesaj epizòd sa se ke li osi enpòtan pou nou pale de pibète ak pitit gason/tifrè/tikouzen/tineve nou yo menm jan nou pale de sa ak pitit fi/tisè/tikouzin/nyès nou yo. Tou lè 2 jan yo bezwen akonpanyeman nan peryòd nan lavi yo sa.

DATING aprè DIVÒS (avèk Vitchie)

Explicit
Divòs se yon bagay ki ka kite gro tromatism nan lavi yon moun. Li konn koze anpil problèm tankou depresyon. Aprè yon divòs, kijan yon fi dwe abòde relasyon? Kombyen tan li pran pou li santi li ka remete kò ak kè li deyò? Lè fi sa antame yon relasyon kijan divòs ki nan pase li a peze sou nouvo relasyon an? Anpil kesyon ke Johalex ak Lhee pat ka reponn san yo pat jwenn èd dezyèm envite Tchilaks la: Vitchie ki ede yo konprann kisa sa mande pou yon moun refè konfyans e rekòmanse “date” aprè yon divòs. Ni fi ni gason, marye ou pa marye, divòse ou pa divòse ka benefisye de ti pale sa a kidonk ENJOY!!

NYOUD

Explicit
Aspè fizik ki gen nan lanmou ak atirans konn pouse de moun ki nan relasyon oubyen ap pale voye foto eksplisit bay lòt, sa yo rele Noud ou Nyoud la ( Nude an anglè). Kisa ki risk ak konsekans nan voye yo? Eske se yon pwoblèm? Kijan ou ka proteje tèt ou? Ou ta renmen konnen? Enben koze mande chèz vin chita nan Tchilaks pou tande plis.

KANAL la

Explicit
Aktyalite dènye jou sa yo, se dosye kanal ki parèt leve yon konfli ant pèp dominiken ak pèp nou an. Nan epizòd sa, ti messieu TCHILAKS yo rale mennen vini pou demontre ke konfli ant 2 pèp yo pa resan e tou ke li enpòtan pou nou pa jis suiv buzz ke dosye kanal la kreye a men eseye konnen agenda ki dèyè tèt gouvènman dominiken an epi konnen tou ki konsekans sitiyasyon sa ka pote pou pèp ayisyen an. POZISYON NOU NAN TCHILAKS AP TOUJOU POU NOU KANPE AK PÈP NOU men fòk li fèt ak bon strateji pou asire ke nou pap viktim pwòp desizyon nou pi devan. Enjoy epizòd la, nou espere li ap pouse ou poze kesyon ki dwe poze yo epi chèche eleman repons apropriye yo pou nou ede youn lòt konprann epi reyaji pi byen ak konfli sa.

Sante MANTAL gason (avèk M7liye)

Explicit
Kesyon sante mantal se yon dosye sansib e enpòtan ke se pou fi ke se pou gason men nan sosyete nou evolye yo, sante mantal gason se pa yon bagay yo bay anpil konsiderasyon. Nan epizòd sa a, Johalex, Lhee ak premye envite Tchilaks Podcast: Macky aka M7liye analize rezon ki fè sijè sa a pa trò pale, ki sa ki fè gason pa pale lè yap travèse pwoblèm ki afekte sante mantal yo. Yo pataje kèk statistik konsènan sante mantal gason tou. Enjoy epi pa bliye, si ou menm oubyen yon moun nan antouraj ou ap fè fas ak pwoblèm sante mantal pa ezite chèche èd ke se swa nan men moun pwòch oubyen nan men profesyonèl. Sa Enpotan!!

CHAM

Explicit
Nan kilti lakay nou, ase souvan nou tande pale de CHAM! Nan senkyèm epizòd Tchilaks Podcast la, Johalex ak Thierry fè yon bèl deba sou sijè a kote yo pataje pèsepsyon yo de li epi yo eseye konprann konsèp la. ENJOY epizòd la, pa bliye nou sou tout platfòm podcast yo epi pa bliye follow nou pou ou pa rate prochen epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi.

DIFAMASYON

Explicit
Nan katriyèm epizòd la Lhee ak Johalex fè yon ti bat bouch sou “difamasyon” ki se yon sijè ki ap fè aktyalite, sitou semèn sa yo. Yo pale de tout konsekans difamasyon genyen oubyen ka genyen sou yon moun pandan yo tap analize yon ka ki ap fè anpil deba aktyèlman. ENJOY / APRANN!!! Epi pa bliye nou sou tout platfòm yo, abone pou nou pa janm rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi! #Tchilaks #Podcast #Difamasyon

Gason MAWOZO

Explicit
Nan twazyèm epizòd la, Johalex ak Lhee debat sou « Gason MAWOZO » ki se yon tèm chak grenn sòlda nan lame maskilin lan sibi yon fason oubyen yon lòt!!! Yo pataje eksperyans pèsonèl yo ak tit mawozo a tou! ENJOY li epi pa bliye nou TOUPATOU! Abone ak nou pou pa rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch apremidi.#Tchilaks #Podcast #Mawozo
10 of 11