Tchilaks

Tchilaks

di Tchilaks Podcast

Carimi

Esplicito
Youn nan pi gwo anons pou fen dane 2024 la se bal Carimi ki pral fèt nan lakou Nouyòk la. Anons sa fè deba nan mitan ni moun ki fanatik ni moun ki pa/pat fanatik djaz la. Gen de moun ki toujou gen yon gou amè nan bouch yo akoz senp fèt ke nèg yo te kite djaz la kraze, gen de lòt moun se fatalite ki te pase nan premye bal reyinyon yo te òganize an. Thierry kòm fanatik djaz la fè yon ti bat bouch ak Johel ki pa fanatik limenm sou dosye sila a. ENJOY!

DoubStanda GASON (avèk Lex & Jefferson)

Esplicito
Doubstanda nan mitan 2 antite kèlkonk toujou kreye deba. Youn nan pi gro doubstanda nou konnen se sila ki ant gason ak fi e nan epizòd 61 an timesye yo akeyi Lex ak Jefferson pou eksprime/debat/rakonte jan yo konprann e viv fenomèn sa nan pwendvi GASON. ENJOY epi sonje doubstanda nan mitan 2 antite PA VLE DI youn nan antite yo siperyè oubyen enferyè ak lòt la, se jis yon diferans nan jan sosyete a defini epi jije menm aksyon 2 antite sa yo ta poze.

6 Rivalite Istorik

Esplicito
60 epizòd deja! 🥳 Pou selebre sa kòmsadwa avèk fidèl oditwa yo an, Johel ak Thierry debat sou 6 pi gwo RIVALITE ki make lavi yo. ENJOY!

Dosye PIDIDI (avèk Sébastien & Jefferson)

Esplicito
Dosye atis ameriken "P.Diddy" ap fè aktyalite depi kèk tan men semenn sa yo, li jayi sou rezo sosyo yo ak plis fòs akòz yon seri de nouvo detay ke envestigasyon otorite konsène yo kòmanse ap devwale. Se yon sijè ki oze e chokan men timesye yo ak envite yo: Sebastien ak Jefferson eseye debat li ak maksimòm prekosyon ke posib. Prekosyon pou pa tromatize moun ki pral tande men tou, prekosyon pou yo pa fè difamasyon sou moun tou; paske tout sa ki di nan epizòd la se selon enfòmasyon ki piblik sou entènèt la. Enjoy epizòd la epi sonje ke depi ou ap sibi abi oubyen ou okouran de yon abi kap fèt sou yon moun kèlkonk se yon DEVWA ou genyen pou ou rapòte'l bay moun ki ka frennen abi sa.

Lanmou pou KUIZIN (avèk Newslie & Doris)

Esplicito
Aprè anpil anpil tan medam yo resi peye Tchilaks yon vizit! Nan epizòd 58 la, Tchilaks gen 2 “invitée”: Dodo ak Newslie ki deside pataje avèk odyans lan lanmou yo genyen pou kuizin. Nan ti pale sa yo pral wè avèk nou kibò lanmou sa a pran rasin men tou kijan manje jwe yon wòl pivotal nan relasyon yo genyen ak moun ki nan antouraj yo. Sa a ak anpil lòt bagay diskite sou panèl la. Jan yo di chimen kè gason se nan lestomak li eske nou panse medam yo konn itilize strateji sa a? Eben branche pou nou jwenn repons lan. Enjoy

El NIÑO (avèk Greg & Jeffe)

Esplicito
Nan epizòd 57 la, timesyeu yo te akeyi Greg aka El NIÑO pou pale de reyalite li ki se reyalite yon jenn gason ki fèt Ayiti men ki leve kay vwazen Dominiken nou yo depi lè li gen mwens ke 3zan daj. El Jeffe te sou panel la tou pou fè pon ant Greg ak mesyeu yo paske li te fè yon ti tan ap viv nan Repiblik Dominikèn tou. Enjoy epizòd la gen anpil pou aprann ✨

IMIGRAN nan USA (Avèk Jean Luc)

Esplicito
Epizòd 56 la enspire pa skandal ki tap fè bri semèn pase a sou swadizan imigran Ayisyen ki ta ap manje kana, chat/chyen moun nan vil Springfield nan State Ohio, se tou yon chita pale ant Jean Luc, Thierry ak Johel; 3 imigran nan USA; sou kijan yo wè ak konprann konsèp imigran an nan lakou USA. Enjoy epi sonje IMIGRAN gen yon enpòtans pou USA ke anpil moun pap admèt ouvètman men ki REYÈL!!!

Atis (avèk Lex)

Resaman Johel viv yon eksperyans kote yon moun tap prezante li bay yon lòt moun epi ba li tit “Atis”. Menm si li di li pa yon atis men sa te enspire li epizòd jodi a kote Lhee ak Lex (ki tounen egenn ankò) tap pale sou definisyon tèm atis la epi ale an pwofondè sou lavi yon moun ki atis selon yo. Anpil bagay pale e atis Jojo byen depoze. 😂 Nou espere nou enjoy epizòd la epi: PA BLIYE nan je Tchilaks, se oumenm oditè ki ATIS la! 🫶🏾

S*xToy (avèk Lex)

Esplicito
🔞 Nou te mande sijè oze, eben Lex, Johalex ak Thierry fè yon brase lide sou on itilizasyon "sex toy" nan epizòd 54 la. Malgre se on sijè tabou nan sosyete nou an, nou pran libète eksplore tout aspè nan kesyon posede sex toy ak akseswa seksyèl yo. Ki itilite yo, preferans, tip, kalite, gwosè, elatriye. Kisa ki pou nou e selon nou akseptab oubyen depase limit. BTW, atansyon! Toy se toy, ekipman se on lòt bagay 🤣😂

Monsieur JEAN (avèk Pouchon)

Esplicito
Nan epizòd 53 a, ti mesyeu yo te chita avèk Pouchon aka Mr JEAN, yon zanmi podcast la ki tap pataje istwa li ak yon projè "MONSIEUR JEAN BAR & GRILL" ke li cheri pandan plis pase 7 lane e ke li arive mete nan yon nivo ki ka sèvi egzanp pou tout moun ki ap lanse yo oubyen deja entegre sektè antreprenarya an Ayiti. TCHILAKS koube li byen ba devan efò ak sakrifis ke TOUT ekip MONSIEUR JEAN an poze deja e ap kontinye poze pou amelyore sektè lwazi lakay nou Ayiti.
5 di 11