Maleb Leadership

Maleb Leadership

di Faubert Maleb
Stagione 1

Pa neglije pase bon tan ak patnè w la

Pase tan ansanm nan yon relasyon enpòtan anpil paske li pèmèt nou aprann konnen youn lòt pi byen: ni nan bon ni nan move moman, nan nenpòt sitiyasyon difisil, wap konnen egzakteman ki moun moun lan ye.... Sa pèmèt nou youn konprann lòt pi byen, sipòte youn lòt nan moman difisil, epi kreye yon koneksyon ki plis pwofon antre nou. Lè nou pase tan ansanm, nou kapab devlope yon nivo kote ka gen plis konpwomi nan mitan nou, plis konfyans ak respè nan relasyon an. Sa pèmèt tou pou kwasans pèsonèl nou grandi epi kwasans emosyonèl nou evolye.

Rezèvwa Emosyonèl nan Maryaj la

Mwen vle prezante w yon seri ki gen 5 odyo kaptivan ke mwen ap prepare ki pral gide w sou fason pou w ranpli "rezèvwa emosyonèl" patnè w la nan relasyon an (swa nan maryaj la oubyen nan stad renmen an). Chak odyo chaje konsèy pratik ak lide pou enspire w nouri ak ranfose relasyon w. Lanmou se yon fòs pwisan ki toujou mande antretyen chak jou pou I kapab fleri. Podcast sa pral ede w dekouvri nouvo fason pou w montre lanmou wak apresyasyon w pou patnè w la, epi kreye yon koneksyon ki pi pwofon, ki gen plis sans. Apre w fin koute chak odyo, ke map pataje ak ou youn pa youn sou yon peryod de tan, mwen ankouraje w anpil pou pataje komantè w ak panse w yo ak nou. Eksperyans ou ak lide ou gen anpil valè, epi lè w pataje yo, ou ede anrichi seri sa a pou tèt ou ak lòt moun k ap koute yo epi nou pou nou ka amelyore kalite yo la lavni. Pran tan pou koute odyo sa yo ak zorèy ou byen ouvri epi ak yon kè ki reseptif. Mete an pratik konsèy ki rezone ak ou epi gade chanjman pozitif li ka pote nan relasyon w lan. Sonje ke lanmou se yon vwayaj kontinyèl, epi odyo sa yo fèt pou akonpaye w nan vwayaj sa a. Mwen swete w yon eksperyans anrichisan ak yon relasyon amoure ki satisfè. Mèsi pou patisipasyon wak angajman w pou fè relasyon w vin yon priyorite. NB. Li posib ou resevwa odyo sa yo men relasyon w pa gen okenn pwoblèm, ou di mwens ou poko nan okenn relasyon ditou, alòs nou envite w kapab pataje I ak yon lòt ou konnen lap beni. Faubert Maleb Mèsi paske w egziste.

Demand ak Egzijans nan lanmou

Ofisyèlman se premye odyo nou pou louvri seri "Ranpli rezèvwa emosyonèl nan relasyon an" Tout bagay la se nan fason ou konprann e abòde patnè w la, se sak fè nou eseye fè yon diferans ant demand ak egzijans nan maryaj la ! L'amour fait des demandes, pas des exigences. Ann al tande ansanm ki sa nou pote nan podcast sa pou ou !
4 di 4