Maleb Leadership

Maleb Leadership

di Faubert Maleb
Stagione 2

Mo "SWETE" a (Chapit 2)

Komansman yon ane se peryod pwomès ak "vœux": Attention ! Attention ! Atansyon ak pwomès wap fè BonDye sanw pa reflwchi epi pouw reflechi apre ! Je vous souhaite une année 2024 divinement bénie à tous égards au Nom de Jésus-Christ ! Past. Maxon Julien

Kisa mo "SWETE" a vle di menm ?

Komansman yon ane se peryod pwomès ak "vœux": Attention ! Attention ! 1. Atansyon ak pwomès moun ap fèw ki ka fèw retire zyew sou BonDye. 2. Atansyon ak pwomès wap fè BonDye sanw pa reflwchi epi pouw reflechi apre ! Je vous souhaite une année 2024 divinement bénie à tous égards au Nom de Jésus-Christ ! Past. Maxon Julien

Pou nou gen yon bòn ane, nou dwe chanje jan nap panse !

Zòrèy nou kapab konsidere kòm matris lespri nou. Menm jan yon matris nouri ak akouche yon timoun, se konsa zòrèy nou nouri epi bay nesans ak panse, ak lide ke nou konsome nan sa nou koute. Li enpòtan pou nou toujou panse sou kontni ke nap konsome yo, paske li gen pouvwa pou fòme panse nou, kwayans nou, epi finalman aksyon nou yo. Lè nou chwazi pou koute kontni ki pozitif ak moral, se plante nap plante grenn enspirasyon, ki bay motivasyon ak kwasans nan lespri nou. Grenn sa yo gen potansyèl pou yo fleri nan yon mantalite ki pral ranpli ak optimis, rezistans, ak yon atitid ki bay bon jan karaktè. Lè nou kreye yon antouraj kap veyikile mesaj ki ka ankouraje nou, ki ka bouste, ebyen nou kreye otomatikman yon anviwònman ki sipòte devlopman pèsonèl nou ak byennèt pèsonèl… Nan yon lòt bò, lè nou ekspoze tèt nou nan kontni negatif, kontni ki san valè… se tankou nap simen grenn ki bay dout, laperèz, ak negativite pou yo pran rasin nan lespri nou. Grenn sa yo sèlman ka grandi anndan yon mantalite ki chaje ak enkyetid, strès, epi ak yon pèspektiv limite sou lavi. Se sak fè li enpòtan anpil pou nou chwazi sa nap koute, paske li ka gen yon gwo enpak sou eta mantal ak emosyonèl nou. Menm jan yon fanm ansent pran swen kò li epi evite sibstans danjere pou pwoteje sante pitit ki nan vant li an (sa vle di ki poko fèt), nou menm tou nou ta dwe toujou sonje a sa nap otorize pou antre nan zòrèy nou. Nou gen pouvwa pou nou chwazi sa nap koute ak sa pou nou inyore. Lè nou konsyan nan chwazi kalite kontni ak valè nou nou kite rantre nan matris zòrèy nou yo, nou ka kreye yon bon tè fètil pou panse ak lide pozitif byen fleri. An konklizyon, zòrèy nou sèvi kòm matris lespri nou. Kontni nou chwazi koute gen potansyèl pou fòme panse nou, kwayans nou, ak aksyon nou yo. Se pou nou fè entansyonèl nan chwazi kontni ki ka ede nou grandi, ki ka pouse nou enspire, epi ki kapab motive nou, paske se atravè chwa konsyan sa a ke nou ka bay nesans ak yon mantalite ki sipòte kwasans ak byennèt nou.

Yon Jwaye Nwèl Ayisyen

Nan mitan move moman peyi a ap travèse la, mwen vle swete yon jwaye Nwèl a tout Ayisyen parèy mwen, petèt ki ka pote yon ti kras lespwa anplis nan lavi nou antan ke yon sèl nasyon. Menm si nou antrave anba men gang ak iresponsablite Leta, mwen kwè ke mesaj sa ka ban nou yon ti kras kouraj... Se yon moman pou nou kole tèt ansanm, pataje lanmou ak solidarite, ebyen nan emisyon pòdkas sa, mwen vle pataje refleksyon sa ak nou nan lide pou kreye lespwa nan mitan sitiyasyon difisil sa yo nap travèse la.

Yon ti zoom sou "Psaumes 34:8"

Bienvenue à tous dans notre podcast d'aujourd'hui ! Je suis ravi de vous annoncer que nous allons plonger dans une réflexion profonde sur le Psaume 34:8, un verset biblique qui nous invite à goûter et à voir que le Seigneur est bon. Dans notre exploration de ce verset, nous allons examiner sa signification profonde, son contexte et sa pertinence pour notre vie quotidienne. Rejoignez-nous alors que nous plongeons dans cette exploration spirituelle enrichissante. Préparez-vous à découvrir les trésors de sagesse et de spiritualité que ce verset nous offre. Bonne écoute ! Merci d’exister.

Ou ka itil pou ekri yon nouvo chapit.

Sou kòt lès nan peyi Ekòs gen yon ti gwoup zile yo rele "Hébrides". nan lane 1949 pou rive 1952, gen yon revèy ki te baleye zile sa yo an repons ak priyè pèp Bondye a. Evanjelis Duncan Campbell se te youn nan enstriman revèy sa a. Li te vini nan zile a te pou dirije yon kanpay evanjelizasyon ki te dire 2 semèn men li te fini rete pou de zan. Istwa sa enpire m poum te pote yon ti refleksyon pou nou.
Stagione 1

Ki vrè sans Touche Fizik genyen nan relasyon an

Nan kontèks relasyon anmoure, touche fizik ka endike yon kominikasyon afeksyonèl ak patnè ou. Li se yon gwo zàm pou rive ranpli epi konble rezèvwa emosyonèl patnè w la. Touche fizik ka ede kreye yon koneksyon emosyonèl ak moun ou nan relasyon ak li a, montre sipò ak ranfòse bon jan relasyon ke nou genyen. Li ka endike tou yon nivo konplisite ak entimite nan relasyon an. Anplis, touche fizik la ka gen bon jan rapò ak langaj damou moun lan. Li ka endike dezi, pasyon, ak entimitè seksyèl nan mitan 2 moun yo. Li enpòtan pou chak moun chavhe konprann ki nivo enpòtans touche fizik la ye nan la vi lòt moun lan.

Lanmou ak Respè

Nan pòdkas sa nou eksplike kisa lanmou ak respè vle di nan yon relasyon. Lanmou se yon sansasyon pwofond ki mennen nan atachman ak sipò emosyonèl ant de moun. Respè se yon fason pou nou valoriye, respekte, ak konsidere lòt moun. Nan yon relasyon, lanmou ak respè jwe yon wòl enpòtan pou kreye yon baz solid ak bon jan kominikasyon. Yo kapab kontribye nan bonè ak byenèt nan relasyon an, pandan ke absans yo ka kreye distans, konfli, ak detriksyon.

Konprann pésonalite youn lòt

Pèsonalite se karakteristik, valè, ak konpotman ki defini nou kòm moun. Li genyen gwo enfliyans sou jan nou panse, santi, ak reyaji nan diferan sitiyasyon. Men, li enpotan pou nou pa kite pèsonalite nou kontwole nou totalman. Lè nou kite pèsonalite nou kontwole nou, nou ka vin gen yon move kontwol sou tèt nou. Nou ka tounen esklav pèsonalite nou si kite se li menm ki dirije desizyon nou... se vre nou pa ka kontwole pèsonalite nou, men nou kapab kontwole reyaksyon nou ak fason nou reponn nan chak sitiyasyon. Nou kapab aprann reflechi sou aksyon nou yo, evalye konsekans yo, ak pran desizyon ki pi byen koresponn ak valè nou. Nou kapab tou aprann soti nan zòn konfò nou, pou nou non sèlman aprann kontwole pèsonalite nou, men tou aprann konnen patnè w la pi byen. Sa ka ede nou grandi, chanje, ak devlope yon konpotman ki pi pozitif epi ki koresponn ak objektif nou yo nan relasyon nou.

Pa neglije pase bon tan ak patnèw la

Pase tan ansanm nan yon relasyon enpotan anpil paske li pèmèt nou youn aprann konnen lòt nan tout konpatiman: nan bon moman, nan move moman, nan sitiyasyon difisil. Sa pèmèt nou konprann youn lòt pi byen, sipòte youn lòt nan moman difisil, epi kreye bon jan koneksyon ki plis pwofon ak youn ak lòt. Lè nou pase tan ansanm, nou kapab devlope yon nivo ki gen plis konplisite ak kòkòday, plis konfyans, ak respè nan relasyon an. Sa pèmèt pou kwasans pèsonèl ak kwasans nan relasyon an devlope pi byen.
3 di 4