The Reunion Podcast

The Reunion Podcast

di Gregory AUGUSTIN "DJ AKU"
Stagione 1

S1 - Episode 6 BadX

Wesly Louis a.k.a BadX fet okap, li se youn nan ansyen animatè ki te gen on emisyon nan Radio indigene, li tou te fe pati de on gwoup ki te rele Exhibition ki te gen on hit a lepok ki te rele "M pap janm bliye sa". BadX se youn nan atis ki te gen chans kolaror ak Money Honey Mike sou on trak ki rele Mande pou mwen" ki gen on lot remix ke atis la fe ak Toby anbake. Bad toujou aktif nan mouvman, li gen pwop cho pa li nan moman sa yo ki rele Rap connection ki fet live sou Facebook, BadX bay plis detay nan Epidoe 6 lan ke nou envite tout moun gade. Pa bliye abone ak channel lan, epi kite komantè si ou gen kek kesyon

S1 - pisode 5 Mad-S

Kendy Daglea a.k.a Mad-S fèt on 3 Jiyè , Mad-S se rapè ki te chanpyon nan konkou Yele haiti ke Wyclef Jean te fè en 2006 nan Telemax (PWOJÈ LARI PWÒP) . kèk tan apre li vin manm fondatè C-Projects ki se on gwoup ki te fe on gwo hit en 2008 ak on kanaval ki te rele "Nou libere" , sa te fè li revelasyon nan lane sila . Albòm gwoup lan te rele nou libere tou, Mad-S te vin kite gwoup la akoz de kèk malez ke li te genyen ak Squady ki se on lòt manm fondatè e ki te beatmaker gwoup lan nan epòk sa . tout swit apre Mad-S te pral soti "Ouf" ki se on trak kote ke li degaje tout fristrasyon li ak sa ki pat fè li plezi pandan pasaj li nan C-Projects , ke T-Ansyto te pwodwi ak Fred Hype , ki dispo sou paj YouTube MAD-S la. Mad-S gen plizye Iòt Hit tankou: Morne I'hopital, ki gang, kraze kay lan ak anpil lot anko ki dispo sou platfòm distribisyon yo . Mad-S kolabore ak anpil gwoup ak atis tankou Team lobey- Toppy-X- K-libr - DRz- Squagy- Poum site sa yo selman . Li son aktè, ekriven - konpozitè, e li ekri anpil mizik pou moun chante . Li se CEO OUF AYITI . Mad-S te youn nan Rapè ke Fred Hype te gen anpil je sou li, yo te menm gentan travay yon albòm ansanm , men malerezman, a koz de maladi, Fred ki se on lejann nan rap kreyòl lan , ale kite nou, men Mad-S pa deside kanpe, nan moman ke nou anrejistre epizod saa Mad-S mete ansanm ak youn nan icon Barikad crew yo ki te Fantom pou yo soti FM, YO HYPE, yon pwojet ke Mad-S explike nan epizod saa ki ap nan nivo ke Fred te ye a. pou plis detay nou envite moun yo gade tout epizod lan kote ke Mad-S ki se youn nan pi gwo lirisis rap kreyol lan genyen ap pale de pakou li e ki sa ki ap vini nan jou yo la. Abone ak tout paj li yo sou @madsayiti

S1 - Episode 4 Eliacim Abolassen

Abolassen Elie Meme aka Eliacim se youn nan pi ansyen e pi gwo rapè ak animatè ki gen nan mouvman rap kreyol la ki komanse rap nan fen ane 90 yo. li se premye MC ki te dekrete on beef ak Money Honey Mike le li te soti on mizik ki rele Reglement de Compte ki te soti sou non Kako, sou premye vesyon track saa te gen Eliacim, Peralte, Black Fefe, Skinny J. Apre on pale anpi l ki te vin gen ant Fefe ak Eliacim, Eliacim te deside retire vwa fefe sou track la epi li soti on lot vesyon. Eliacim te vin rankontre ak Aku nan nubian sound kote ke yo te vin ret zanmi pou kek tan jiskaske an 2005 Aku te pwodui on 3 beat pou Eliacim ki te soti on demo sou label Rapsody ki te rele Still penpennen, sou demo saa te genyen : Penpennen, Bloke kou ak Solda Filozofi ki se on klasik nan Rap kreyol la, Eliacim pale de amitye li ak Izi one ak Katakalk, pou plis detay gade tout epizod la epi abone ak channel la.

S1 - Episode 3 ED DaGodseed

Laventure Ernest Junior Edouard , Port-au-Prince komanse rap 2005 ak Familia Click (mouchwa bleu) apre li te pase kom atis Piwo Records , apre li fin kite Piwo mli e al kreye Powet Revolte kom on mouvman literaire nan Rap , sa pat byem pase li vin kanpe solo epi li vin kreye label Ayabonmbe Musiq ki pat gentan vreman soti pwojet paskem livin bay CHRIST lavi li, ED konsakre talan li ak li sa ki eksplike ke li pa rele Ed Daliriks anko men ED DAGODSEED , ED fe 2 feat nan secteur evanjelik lan ak Choral DEG epi Fre Gabe , li gen 2 Freestyle ki soti e gen pwoje kap pare pou 2024 la Pa bliye abone ak channel lan, epi kite komantè si ou gen kek kesyon Follow Aku on IG : https://www.instagram.com/akudji Follow Aku on TikTok : https://www.tiktok.com/@akuthedj Follow The Reunion Podcast on IG : https://www.instagram.com/the_reunion_podcast/ Follow The Reunion Podcast on TikTok : https://www.tiktok.com/@thereunionpod The Reunion Podcast store : https://my-store-102cbd6.creator-spring.com/

S1 - Episode 2 Obenson

Obenson Philogene se youn nan ansyen e bon animatè Rap Kreyol ki komanse nan Planet Kreyol apre ke trio Ronito, Papy ak Dug G a te vin pa fe emisyon an ansanm anko, apre kek tan li te vini fe pati de menm ekip Sky FM lan kote ke li te komanse anime emisyon pa li ki se Hip-Hop street, Hip-Hop street te vini on gwo emisyon ki tap supote mouvman Rap kreyol lan, kek lane apre Obenson vin voyaje al etazini,e nan komansman ane 2024 lan, li rekomanse ak emisyon Hip-hop street lan sou TikTok chak Lendi, Mekredi ak Vendredi 8hPm pou 10Pm. Pa bliye abone ak channel lan, epi kite komantè si ou gen kek kesyon

S1 - Episode 1 "Groovernae"

Emmanuel Joseph A,K,A Groovernae se neg kafou, premye gwoup rap li se te 7 Travel, apres sa li vin nan Grotte Squad ak Top Tchooko epi Maniak G (R.I.P) apre sa li vin nan Chalè Republic ki te gen G-Bobby, MC X ak M-Rock, Beat-maker Beat Gates te travay anpil track pou yo, li te fe pati de on gwoup kite rele Eskalad . Groovernae te kolabore ak Mackenzie Jeune tou nan on gwoup ki te rele Keepers, li kolabore ak Dj Aku, 4D Kila, Vla-O-Vitch, Ali Replikan, Eliacim Abolassen ak Suki nan Boule MIC ak The Project, li bay plus detay nan interview li an nan The reunion. Pa bliye abone ak channel lan, epi kite komantè si ou gen kek kesyon Follow Aku on IG : https://www.instagram.com/akudji Follow Aku on TikTok : https://www.tiktok.com/@akuthedj Follow The Reunion Podcast on IG : https://www.instagram.com/the_reunion_podcast/ Follow The Reunion Podcast on TikTok : https://www.tiktok.com/@thereunionpod The Reunion Podcast store : https://my-store-102cbd6.creator-spring.com/

S1 - Episode 12 Zyeutchak

Gilles Max Gregory aka Zyeutchak, Tchak se youn nan rapè ayisyen ki gen anpil talan, li patisipe nan anpil refren mizik ki hits nan rap kreyol la, nou ka site tankou : Map Rap, Geto pa m, Kay madan bruno,
2 di 2