Tchilaks

Tchilaks

por Tchilaks Podcast

Sè legliz S*X SCANDAL (avèk Jefferson)

Explícito
Semèn sa gen yon dosye "Sè legliz" ki twonpe fiyanse'l ki ap anflame rezo sosyo yo. Kòm alakoutime Tchilaks deside reyaji sou dosye a. Timesyeu yo analize ka a epi tou profite fè yon ti bat bouch rapid sou zafè sèks anvan mariaj la. Enjoy!

Sijè SIPRIZ (avèk Jefferson)

Explícito
Epizòd 81 an se, jan tit lan anonsel la, yon SIPRIZ so... ENJOY! 😅

B2F4F (By 2 Fans 4 the Fans)

Explícito
ENJOY epizòd 80 an menm jan nou te enjoy anrejistre'l. 😊 Li baze sou kòmantè ke 2 BON zanmi podcast la te kite anba epizòd 79 la! Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️!

Pitit deyò / Kout pitit (avèk Jefferson)

Explícito
Sijè jodia, yon fwa ankò, vini de yon oditè podcast la, yon GWO oditè cho a: Moumoune! Pandan ti mesye yo ak Jefferson te rele Moumoune pou swetel bòn fèt, li te tou propoze pou yo pale de “Pitit deyò / Kout pitit.” Sijè a pi konplèks ke sa nou te ka panse. Li gen anpil fasèt ak anpil fason ou ka apwoche yo. Panèl la fè yon bèl job pou mete yo nan diferan senario yo epi tire nan eksperyans pèsonèl yo pou fè analiz la. Evidaman apwòch yo sibjektif men gen anpil leson ki ka tire. Enjoy epi mèsi Moumoune; BÒN FÈT ankò!

Networking

Explícito
Semenn sa Thierry ak El Jeffe te patisipe nan yon konferans kote yo tap aprann yon nouvo skill. Anplis de nouvo skill sa, Thierry te pataje ak Johel ke li te tou profite fe yon ti NETWORKING. So nou tou konprann poukisa epizòd 78 se sou sijè sa li tou chita 😂 ENJOY epi pase yon BÒN semèn avèk TCHILAKS!

BF4F (By the Fans 4 the Fans)

Explícito
ENJOY premye epizòd ki pa epizòd bonus ki baze, de kòmansman jiskalafen, sou komantè youn ou plizyè zanmi podcast la kite pou timesye yo: BF4F! Dabitid timesye yo just pase byen vit sou komantè yo epi remèsye moun ki kite yo a nan yon epizòd bonus men fwa saaaa… timesye yo pran san yo ak tan yo pou dekòtike 2 komantè byen spesifik epi fè yon deba sou yo antreyo. Spesyal remèsiman a Moumoune ak Pamela pou premye epizòd BF4F la!

Leomessi (avèk Jeff)

Explícito
Wikenn ki fenk pase a se te wikenn tout moun te okipe ap selebre lanmou nan okazyon Sen Valanten! Lè dat sa rive anplis de flè ak chokola gen yon aktivite ki toujou prezan 😈 nou pap antre nan tròp detay. Aktivite sa anpil fwa vini ak yon strès pou mesye yo kote yo DWE byen pase. Egzijans sa jeneralman fè yo fè apèl ak yon seri de sibstans pou ede yo byen pèfòme pami yo nou ka site LEOMESSI a. Se sou sa ti mesye yo ak Jeff te debat nan epizòd 76 lan. ENJOY dezyèm epizòd OZE Tchilaks Podcast la! 🫶🏾♥️

Pasyon pou BOXE (avèk Snood & Ralph)

Explícito
Nan epizòd jodia, Tchilaks resevwa Snood ki te konn pratike BOXE e ki joukjounen jodia rete yon pasyone de spò a. Li te poulòp sou panèl la avèk tifrè li Ralph. Snood etale pakou li nan spò a pou nou e li di nou kòman li fè antre ladanl, bon tankou move eksperyans li viv men tou, leson li aprann yo. Epizòd 75 la se yon opòtinite pou panèl la men tou odyans Tchilaks lan gade kijan mank ankadreman sitou nan domèn spò kontinye tiye anpil rèv. ENJOY!!!

Pwofesyon DJ (avèk Dj Thyz & Vlex Vibez)

Explícito
Nan epizòd jodia Dj Thyz ak Vlex Vibez rejwenn “show” a pou pale sou tout aspè ki genyen nan pwofesyon DJ a. Anpil moun toujou panse se yon travay ki fasil, men nan epizòd 74 la nou pral dekouvri se yon bagay ki vrèman konplike. Li mande pou DJ a kontwole anpil bagay an menm tan. Ti mesye yo dekòtike tout bagay sa yo e plis. ENJOY!

TikTòk (avèk Jefferson)

Explícito
Dimanch ki te 19 Janvye a itilizatè platfòm Tiktok yo nan peyi Etazini te leve jwenn aplikasyon an pa fonksyonèl. Malgre yo te gentan anonse ke Gouvènman an te pran desizyon pou bani platfòm nan, sa pat anpeche nouvèl la fè gwo tole. Sitiyasyon an pat dire. Douz è detan aprè, nouvo prezidan an te gentan leve banisman an. Nan epizòd jodia, ti mesye yo voye yon koud je epi analize nouvèl sa a. Ansanm ak El Jeffe, yo gade poukisa desizyon sa a te pran, men tou “ekonomi” ki genyen dèyè Tiktok ki fè nouvèl banisman an te fè tout pale anpil sa. Gen anpil bagay ou menm oditè ak “auditeuse” (suivez mon regard 🤣) ka aprann nan epizòd sa. Enjoy!
3 de 11