Tchilaks

Tchilaks

por Tchilaks Podcast

Baunusse san LEX

Explícito
Epizòd 92 la gen menm fòma ak epizòd bonus timeusyeu yo te konn fè yo sof ke sila a pa gen LEX aka Vlex aka l'homme qui promène ses chiens sou li lol ENJOY!

Ti Absans JUSTIFIÉE

Explícito
Epizòd 91 lan se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap mete may sou fidèl oditwa TCHILAKS la pou eksplike rezon ki fè 3 semenn pase san yon epizòd pa soti. Lol Enjoy epi pa bliye fè nou konnen si may yo pase! Randevou kase san mank / san ratman pou epizòd 92!

Tibatbouch POLITIK (avèk Jean Luc & Dimitri )

Explícito
Epizòd 90 la se yon Ti Bat Bouch sou aktyalite politik resan yo avèk Jean Luc epi Dimitri. ENJOY!

Koup kap VIV ANSANM (avèk Castrande & Dahana)

Explícito
Nan epizòd 89 la, timesye yo te gen onè resevwa 2 "amies" podcast la ki se Castrandre ak Dahana pou te debat yon sijè ke yon lòt "amie" chè podcast la te reklame: Koup kap VIV ANSANM nan kay! Se te yon bon deba paske te gen vèsyon 2 gason ak vèsyon 2 fi, te gen tou 2 ka de koup ki pap viv ansanm ankò ak 2 ka kote koup yo toujou ap viv ansanm. Pandan yo tap Tchilaks, yo pase sou pèsepsyon granmoun ak anpil moun jouk jounen jodia sou fenomèn viv nan kay ansanm avan maryaj la. Te gen gwo kou rit, anpil blag, anpil bèl pozisyon ak opinyon... an brèf: TE GEN PLEZI! ENJOY epi nap kwaze lòt semenn pou nou tchilaks pi rèd!

Fenomèn WENDYYY (avèk Jefferson)

Explícito
Nan epizòd 88 la, ti mesye yo ansanm ak Jefferson te kòmanse pase sou kèk news ki nan lari an semèn sa e yo te klotire epizòd la nan pale de atis Wendyyy ki se yon atis ayisyen ki pase de prezantasyon ak nouvo album li ki soti ki rele “3”. Sou panèl la opinyon yo sou atis la, kapasite'l pou'l ekri ak delivre divèje. Te gen bèl ti diskisyon ki fèt tou sou rap kreyòl an jeneral. Enjoy!

Relasyon avèk BÈLMÈ (vèsyon gason) avèk Jefferson

Explícito
Lè de moun marye, youn entegre fanmi lòt men se pa tout fwa entegrasyon sa a konn fasil. Aprè yon ti rale mennen vini sou epizòd semèn pase a epi yon ti pale sou fim "Kidnapping Inc" lan, ti mesye yo avèk Jefferson te diskite de relasyon avèk ansyen bèlmè, nouvo bèlmè, brèf bèlmè an jeneral... Pwendvi a, evidaman, se relasyon gason ak bèlmè yo ki se yon relasyon ki trè detèminan nan “sante” relasyon ak madanm yo. Jodia pandan yap tire sou pwóp eksperyans pa yo mesye yo tap pale de sa. Enjoy!

Sinema Ayisyen

Explícito
Jodi a, nan emisyon nou an, nou te pran yon ti tan pou pale de sinema ayisyen, yon aspè enpòtan nan kilti nou ki souvan pa jwenn ase rekonesans. Nou te mete aksan sou de fim ki ap domine aktyalite semèn sa a: July 7 ak Kidnapping Inc. Nou te pataje premye souvni nou ak sinema ayisyen — premye fwa nou te wè yon fim lakay, emosyon li te leve lakay nou, ak jan li te fè nou santi nou reprezante sou gran ekran an. Chak moun te gen fim pa yo ki te make yo, sòti nan gran klasik tankou La peur d’aimer, Piwouli , I Love You Anne etc , rive nan travay plis resan ki kontinye mete limyè sou kilti nou Nou te analize tou sa yo rele "peryòd dore" sinema ayisyen an — epòk kote anpil fim te ap sòti ak enpak, kote reyalizatè yo t ap eksplore divès tematik: politik, lanmou, relijyon, sosyal, e menm mistik. Se te yon moman kote sinema te vin tounen yon zouti refleksyon kolektif, yon mwayen pou di verite, eksprime kilti etc Diskisyon an te mete aksan sou evolisyon sinema a, defi l ap fè fas — tankou mank finansman, pwoblèm difizyon, pirataj etc. Enjoy!

Tounen Viv AYITI

Explícito
Yon ti deba sou èske Johalex ak Lhee gen menm pwojè sa ke tout ayisyen toujou genyen pou yo retounen al viv lakay yo Ayiti.

Ba li TIT ou vle 😂 (avèk Jefferson)

Explícito
Nan epizòd 84 lan, nou fè yon ti pale sou kèk sijè ki ap fè aktyalite pandan dènye jou sa yo. Pami yo te gen koze politik. Nou te tou pale sou kesyon dwa dotè, yon sijè ki vin pran plis plas nan HMI la dènye tan sa yo, etc... Enjoy epi pa bliye bay epizòd la TIT ou vle a 😂

Temwen JEWOVA (avèk Garel)

Jodia nan emisyon an, nou te gen chans chita ansanm ak Garel pou nou fè yon bèl ti pale, yon konvèsasyon ki te ale anpil sou Temwen Jewova yo. Nou te pwofite moman an pou nou poze'l plizyè kesyon sou ki jan lavi a ye pou yon moun ki se Temwen Jewova, kisa yo kwè, kijan yo pratike lafwa yo chak jou epi kijan sa enfliyanse relasyon yo ak lòt moun nan sosyete a. Garel te pataje eksperyans pèsonèl li avèk nou, li te bay eksplikasyon sou sa li aprann epi li te reponn ak anpil senserite. Se te yon konvèsasyon ki ouvè lespri nou, ki ban nou plis konpreyansyon sou yon kominote anpil moun tande pale de li, men pa toujou vrèman konnen kijan yo fonksyone. Emisyon an te rich, li te chaje ak bon jan refleksyon e nou swete tout moun k ap koute ap jwenn li itil menm jan ak nou.
2 de 11